Ekspe syantifik ap egzaminen prev `si kou sitwon? konsenan dekouvet Santa Mariya

  • May 20, 2014

POU PIBLIKASYON IMEDYA

BLOOMINGTON, Ind. – Chèchè maren ki sòti nan Indiana University ap egzaminen prèv konsènan dekouvèt nofray Santa Mariya. Gran batiman sa a ki te mennen flòt Kristòf Kolonm te sansej nofraje anba lakòt Ayiti pannan prenmye voyaj li a nan Amerik yo an 1492.

Charles Beeker, direktè Biwo Syans maren ak plonje akademik anba dlo e pwofesè kinezyoloji nan lekòl Sante piblik nan Indiana University a Bloomington di ke envestigasyon yo mennen alèkile ap bay bon espwa. Sa li di a baze sou rezilta plonje anba dlo epi egzamen dirèk yo fè a, epitou evalyasyon enfòmasyon detektè anba dlo ak rejis istorik.

Beeker di konsa: "Prèv la sanble toutbonvre, e Indiana University pral mennen yon ankèt pou detèminen si se Santa Mariya vreman vre ou non, gendwa ositoke vakans k ap vini yo. Nou anvi toutbon verifye dekouvèt sa a, lòfini nou kontan ede pwoteje sit tankou Santa Mariya pou jenerasyon fiti kòm yon “mize vivan” anba dlo.”

Eksploratè anba dlo, Barry Clifford, gentan di semenn sa a li te twouve sa li kwè se nofray Santa Mariya touprè Kap-Ayisyen. Dekouvèt la konprann yon pil lès bòkote Kristòf Kolonm di batiman an te chwe sou yon resif bon maten Nwèl 1492. Yon lòt fwa, Clifford fotografye sa ki te sanse yon lobiz an fè fòje (kannon) ki sòti nan 15yèm syèk. Depi lè sa a, moun gentan piye kannon an.

Lekipay Kolonm ansanm ak Endyen Tayino ki te prezan te sove yon gran pati nan batiman an pou konstwi yon ganizon, La Navidad, kote eksploratè a kite 39 moun nan pami lekipay li a anvan li retounen an Espay avèk de batiman ki te rete li, la Ninya ak la Pinta. La Santa Mariya se prenmye nofray ewòpeyen ki dokimante nan istwa Amerik yo, lòfini se enpòtan anpil pase li fè pati nan flòt batiman ki etabli kontak ant Ansyen Monn ak Nouvo Monn.

Yon envestigasyon sou dekouvèt la ta konprann yon espedisyon plonjè syantifik epitou yon fouy akeyolojik anba dlo pou detèminen si rès nofray la se kòdyòm osnon pa kòdyòm ak listwa e yon batiman avwal nan 15yèm syèk. An akò avèk pi bon pratik nan akeyoloji anba dlo, pwochen etap nan pwojè a se pou n rekipere kèk objè san nou pa deranje sit la twòp. Sepandan, si envestigasyon an moutre ke nofray la gen lè Santa Mariya vre, nou pral fouye sit la nèt, anba je gouvènman ayisyen ki ta gen dwa pwopriyete.

Geoffrey Conrad, pwofesè onorè nan antwopoloji a Indiana University a Bloomington, ki travay ansanm ak Beeker nan fouy akeyolojik nan Karayib la di ke landwa dekouvèt pa Clifford chita byen avèk landwa kote Kolonm anrejistre ke batiman an moute sou resif.

Li di konsa: “Se nan bon kote. Se pi bon kote idantifye jiskasetè pou nofray Santa Mariya.”

Beeker, ki nan Dominikani pou dirije rechach alèkile, gentan mennen plizyè fouy akeyolojik ak envestigasyon byolojik nan zòn nan depi plis pase 20 an. Beeker se yon espesyalis zòn maren pwoteje, epi li te jwe yon wòl kle nan etabli yon “mize vivan” nan Sistèm lanmè nasyonal pou peyi Dominikani, ki te sanse pwoteje resous kiltirèl ansanm ak byodivèsite anba dlo atravè touris reskonsab.

Sistèm lanmè nasyonal ap osi pwoteje dènye nofray pirat Kaptenn William Kidd an 1699. Beeker gentan founi prèv ke nofray la se batiman Quedagh Merchant toutbon, epi se sijè yon ekspozisyon, National Geographic Treasures of the Earth, nan mize pou timoun (Children’s Museum) a Indianapolis. Beeker gen lide mare ansanm envestigasyon istorik e akeyolojik sit Santa Mariya a ak yon “mize vivan” anba dlo nan yon zòn pwoteje an Ayiti.

Rechach anba dlo a Indiana University ap osi kontinye fè envestigasyon sou sit posib “flòt pèdi” Kristòf Kolonm nan labe Izabela sou lakòt nò nan Repiblik Dominiken an. Plizyè batiman Kolonm te pèdi an 1495 pannan dezyèm vwayaj li a nan Amerik yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Tracy James, 812-855-0084 ou traljame@iu.edu, ou Steve Hinnefeld, 812-856-3488 ou slhinnef@iu.edu, toulède nan IU Communications; ou Charles Rondot, 812-855-1354 ou crondot@indiana.edu, ki nan IU School of Public Health-Bloomington.

Related Links

Charles Beeker

Charles Beeker | Photo by Indiana University

Print-Quality Photo

Photo by Indiana University

Print-Quality Photo

Media Contacts

Tracy James

  • IU Public Safety and Institutional Assurance
  • Office 812-856-2865
  • Cell 812-369-7100
  • traljame@iu.edu
  • Protect IU
  • @ ProtectIU

Charles Rondot

Director of Marketing and Communications

  • IU School of Public Health-Bloomington
  • Office 812-855-1354
  • Cell 812-345-3502
  • crondot@indiana.edu
  • @ IUSPH